Ayiti Nan Miwa M

Author:   Nedge Orly Phanor
Publisher:   Nedge Orly Phanor
ISBN:  

9789999403382


Pages:   134
Publication Date:   23 August 2025
Format:   Paperback
Availability:   Available To Order   Availability explained
We have confirmation that this item is in stock with the supplier. It will be ordered in for you and dispatched immediately.

Our Price $52.80 Quantity:  
Add to Cart

Share |

Ayiti Nan Miwa M


Overview

Ayiti nan miwa m se yon woman miltidimansyonèl. Li gen plizyè karaktè ke chak lektè ka pote jijman oswa pwennvi diferan. Konsa tou, jwenn difikilte pou sitiye sou ki sa ki bon jan ap pase sitou nan koumansman resi a. Nan yon premye tan n ap rann kont ke li metafizik, kote pèsonaj la ap chache konprann anviwónman imedya li, yon fason pou l tounen jwenn tèt li pandan l ap transande de yon reyalite ak yon lòt epi chanje dekò atravè yon pasaj, yon pòt mistik ki se miwa yo. Nan yon dezyèm tan n ap kontre yon aspè kiltirèl, ki montre prezans kèk rityèl vodou ki ap antre pèsonaj la nan pi gwo tchouboum toujou, sou sa ki ap rive l e nan goumen pou jwenn yon repons pou tout kesyon ke l pa sispann poze tèt li yo. Tankou "" Kote m ye la frenk ? E dwe lopital. Antouka, si se lopital, li pa tankou sila yo kote paran m te toujou konn mennen m yo. Tèt mwen ak kou m resi antann yo pou yo vire. Mwen ka wè plizoumwen. Mwen sou yon kabann kat pikèt. Drapo wouj, ble, blan, nwa, ak lòt koulè mwen pa ka fin rive wè byen yo pran tout pyès la pou yo"" N ap jwenn tou yon aspè sosyal, ki montre pèsonaj la nan tout fwotman li depi nan premye sèn nan jouk nan dènye a. Sou kèlkeswa ang ke li twouve l se nan boukante lapawòl ak obsèvasyon tout zèv la chita, se aspè sila ki pouse l jwenn ti kras limyè nan tout peripesi yo. N ap jwenn tou pati istorik la, kote plizyè zeklè pase sou kèk moniman, kèk sèn ki rakonte de gwo moman nan istwa peyi a, ki ta dwe gen plis je louvri sou yo. Tankou nan pati sila: ""Epi gen yon wounouwounou sou eleksyon ki ap fèt nan divès ti kwen nan lari a. M leve tèt mwen, genyen de bandwòl nan kafou a. Viv demokrasi ! Viv eleksyon 29 novanm 1987; "" Election présidentielle du 29 novembre 1987, un grand pas vers la démocratie ! "" Talè! Sa bandwòl sa yo di la a ? Ki sa je m ap banm la, tonnè? Pou di m byen wè sa m ap gade yo? 87? 1987? Ki sa m te bwè maten an ? Gen lè m sou? Se sa k fè m pa t ka konprann lari a konsa. Kòman 1987 la? Li gen aspè atistik tou, kote otè a nan deskripsyon li yo penn peyi a sou plizyè fasad, gen sa k bay gou menm jan genyen k bay degou tou. Pati sila ap pèmèt lektè yo chita bab pou bab ak plizyè reyalite kote yo ka santi ke y ap reviv oubyen viv yon seri moman. Nan sèn sila pa egzanp: "" Zwazo ap vole, ap sote fè lago, sòti sou yon branch ale sou yon lòt. Ti pipirit ap file melodi tankou mizisyen ki pa janm pran poz. Solèy la cho, men li dous, li karese figi m tankou men manman m. Espas la chaje ak pyebwa, pami yo anpil pye kokoye ak palmis. Mwen ka santi vibrasyon tout, tankou mwen te konekte ak yo. Tankou mwen te youn nan yo. Gwo van ap soufle, pyebwa yo ap balanse de bò pòtre yon kadans anba tonèl ak yon bon serenad. Yon gwo pousyè kouvri tout figi m. Ta sanble se nan yon plaj mwen ye. Sab la cho anba pye m. Mwen pa konn wè sab bèl konsa. Genyen yon ale vini ki ap fèt, mwen wè yon bato. Li ap pwoche, blan kouwè koton. Bato a bèl"" Nan nivo pèsonèl, otè a ap chache yon satisfaksyon, yon trankilite malgre tout boulvès ki ap talonnen l yo, li pa sispann fè santi swaf li pou l jwenn kè poze li bezwen an. Li rejwenn konfyans ak fòs nan chak pense kè kontan ki simen sou sa l ap viv la. Nan zèv la, ki se yon fiksyon, sa pa anpeche otè a souse nan plizyè sèn nan vi reyèl li. Epi pwofite fè yon apèl sansibilizasyon ak dènye fraz nan resi a ki se: "" Lala! Jano! Vini non! Ann fè ti reflechi sou peyi a ansanm.""

Full Product Details

Author:   Nedge Orly Phanor
Publisher:   Nedge Orly Phanor
Imprint:   Nedge Orly Phanor
Dimensions:   Width: 15.20cm , Height: 0.70cm , Length: 22.90cm
Weight:   0.191kg
ISBN:  

9789999403382


ISBN 10:   9999403387
Pages:   134
Publication Date:   23 August 2025
Audience:   General/trade ,  General
Format:   Paperback
Publisher's Status:   Active
Availability:   Available To Order   Availability explained
We have confirmation that this item is in stock with the supplier. It will be ordered in for you and dispatched immediately.
Language:   French

Table of Contents

Reviews

Author Information

Tab Content 6

Author Website:  

Countries Available

All regions
Latest Reading Guide

SEPRG2025

 

Shopping Cart
Your cart is empty
Shopping cart
Mailing List